Ki rapò estati legal ou kòm imigran genyen ak aksè a avòtman? Men yon gid pou moun ki pa sitwayen ameriken ansanm ak tout kominote nou yo
Posted April 8, 2025
Anpil moun gen kesyon sou dwa yo genyen konsènen avòtman. Ap toujou gen yon ti konfizyon sou sijè sa yo paske se tout tan lwa ki dirije avòtman ak imigrasyon ap chanje. Se poutèt sa òganizasyon ki rele I Need An A a ak Avoka If/When/How yo te konpoze gid sa a.
Tanpri sonje:
- Ou pa oblije devwale estati legal ou pou w jwenn yon avòtman.
- Men fason ou resevwa yon avòtman, ak kote ou fè l la ka vin ak konsekans. Si w gen pwòp avoka imigrasyon w, pale avè yo. Mande yo kijan yon avòtman ka mennen risk legal ba ou. Si w pa gen avoka imigrasyon, oubyen si w pa konnen pou ki sa w ka bezwen youn, gen yon liy ki rele Repro Legal Helpline ki ka ede w. Rele (844) 868-2812.
- Sekirite tout moun enpòtan pou nou. Si w bezwen plis asirans pou konfidansyalite w, li gid konfidansyalite nou an.
- Pou avoka imigrasyon ki gen kesyon sou lwa avòtman oubyen ki ta renmen aprann fason yo ka sipòte moun k ap chache sèvis avòtman, kontakte If/When/How.

Ki kote m ka fè yon avòtman?
Chak eta nan etazini gen lwa pa yo sou avòtman. Men an jeneral, moun:
- Vizite yon klinik avòtman
- Pran konprime pou avòtman lakay yo
Tout moun gen dwa pou yo vwayaje al fè yon avòtman. Itilize Ineedana.com pou w wè klinik ki pre w yo oubyen jwenn èd a transpòtasyon.
Gen moun ki chwazi resevwa konprime yo pa lapòs. Pafwa yo chwazi opsyon sa a paske avòtman ilegal kote yo viv la. Gen lòt fwa se paske yo pa kapab vwayaje. Li toujou posib tou se paske yo prefere fè l lakay yo. Sa rele “Self-managed Abortion (SMA)/(Avòtman Lakay)”.
SMA vle di fè avòtman lakay poukont ou san èd yon doktè. Anpil moun fè chwa sa a. Li popilè anpil. Li pa souvan pote konplikasyon medikal. Epi SMA se pa yon krim nan okenn eta (sof Nevada kote avòtman lakay ilegal apre 24 semèn gwosès).
Men pafwa, yon moun ki fè SMA ka vin sijè envestigasyon oubyen menm gade wè lapolis, depatman pwoteksyon timoun, oubyen imigrasyon akize yo. Sa ka rive paske sa lalwa di ak sa ki pase nan reyalite ka diferan.
Pou w jwenn konsèy legal sou dwa w ak ki danje ki genyen nan domèn sa a, kontakte Repro Legal Helpline nan 844-868-2812.

Èske m ka vwayaje al fè yon avòtman?
Wi. Manman lwa peyi a bay tout moun dwa pou yo vwayaje. Men si ou pa sitwayen, ka gen danje pou ou nan vwayaje fè avòtman. Ap toujou gen yon chans lapolis, ajan ICE yo, oubyen polis fwontyè ak dwàn yo kanpe w nan wout. Sonje se ou menm ki pou deside ki chwa ki fè plis sans pou ou.
Si vwayaje fè avòtman fè sans pou ou, men sa w bezwen konnen:
- Lè w ap pran desizyon vwayaje pou yon avòtman
- Chache jwenn òganizasyon ki ka ede w kowòdine epi peye transpòtasyon pou ou.
- Avòtman pou moun ki poko gen 18 lane
Si w pa vle oubyen si ou pa kapab vwayaje, konnen gen moun ki chwazi opsyon SMA a pou yo ka fè l lakay yo. Men ka gen risk legal nan sa tou.
Men plis enfòmasyon sou SMA:
- Divès fason ou ka jwenn konprime
- Resevwa konprime nan lapòs apre 12 semèn gwosès
- Avòtman lakay
- Vi prive ak sekirite dijital

Ki sa mwen ta dwe konsidere si m deside vwayaje?
Si w pa yon sitwayen ameriken, ou ka pè vwayaje, janbe fwontyè eta, nan moman sa a. Men kèk enfòmasyon pou moun k ap vwayaje san dokimantasyon. Epi men kesyon pou w konsidere:

Èske y ap mande m prezante kat idantite m nan klinik lan?
Klinik yo ap mande pou kat idantite ki gen foto. Ou ka itilize lisans chofè, paspò, oubyen kat idantite lekòl. Si ou pa gen yon kat idantite ki gen foto, mande si yo ofri lòt opsyon nan klinik lan.
Èske klinik lan oubyen fon avòtman an ap poze m kesyon sou estati legal mwen?
Non. Klinik yo pa dwe poze kesyon sou estati legal. Men si yo ta poze w kesyon, ou pa gen okenn obligasyon pou w reponn. Yon klinik pa ka pa ba w sèvis paske ou pa reponn yon kesyon sou estati legal ou.
Si sa enkyete w, ou ka rele klinik yo mande pwosesis yo genyen pou ICE.
Kesyon ou ka poze nan klinik yo:
- Èske nou kite ajan ICE yo antre nan ofis lan?
- Èske ajan ICE yo janm antre nan ofis lan?
- Si ajan ICE yo ta parèt, kijan nou t ap jere sa?
Ou ka poze lòt kesyon pou sekirite w tou. Pa egzanp, ou ka mande kijan klinik la jere manifestasyon. Oubyen ak ki règ yo sèvi lè yo bezwen rele lapolis.
Fon pou avòtman ki pre w yo ka gen enfòmasyon sou ICE tou. Fon pou avòtman yo p ap janm poze kesyon sou estati legal ou. Epi genyen tou, tankou Frontera Fund nan eta Texas, ki gen opòtinite espesyal pou moun ki pa dokimante.

E si m vin bezwen al lopital? Èske yo ka refize trete m akoz estati legal mwen?
Non. Yo pa ka refize trete w nan lopital poutèt estati legal ou kòm imigran. Yo pa ka pataje enfòmasyon w si ou pa dakò oubyen yo pa gen manda yon jij. Klike isit la pou w aprann plis enfo sou manda jij yo.
Nan lane 2024, Florida ak Texas te kreye yon règ pou fòse lopital poze kesyon sou estati legal yon imigran. Yo te fè sa sou pretèks etid estatistik. Men li pa obligatwa pou w reponn. Epi kèlkelanswa repons ou ta bay, fò lopital la trete w kanmenm.
Aprann ki sa pou w fè si ou ta bezwen al nan ijans pandan oubyen apre yon avòtman.
Pou klinik yo ak lòt etablisman ki bay sèvis avòtman ki ta renmen konnen kijan pou yo pwoteje pasyan, tcheke gid National Immigration Law Center te kreye a ki rele Konn Dwa W.

Kijan mwen ka pwoteje tèt mwen si mwen ale nan yon lòt eta pou m fè yon avòtman?
Nenpòt fason ou deside vwayaje:

Si w ap vwayaje pa tè:
Si w ap vwayaje nan bis Greyhound yo, ou pa bezwen kat idantite. Epi tou, Greyhound deklare yo pa kite ajan ICE antre ni anndan bis yo ni nan estasyon bis yo.
Si se tren Amtrak ou pran, ou pa bezwen kat idantite pou w achte yon tikè. Lè w fin montre tren an, Amtrak ka tcheke tikè w achte a le w montre an sanzatann.
Si w ap vwayaje pa avyon:
Ou ka vwayaje nan peyi a (nan tout 50 eta yo ak teritwa ameriken yo) ak paspò etranje.
Si w ap vwayaje ale oubyen soti Pòtoriko, Gwam, Il Vyèj Ameriken yo, Samoa Ameriken, oubyen Il Maryàn Nò yo, Ladwàn ka fè enspeksyon pa l. Konsilte yon avoka imigrasyon avan w vwayaje al nenpòt teritwa ameriken.
Kijan m ka asire sekirite kominote m?
Pou asire sekirite kominote w, fò w konn ki kote ak kijan yon moun ka jwenn sèvis avòtman. Nan moman sa a, pataje resous fyab enpòtan anpil – tout moun gen dwa pou yo pataje enfòmasyon sou avòtman, nenpòt kote yo viv.
Si ou travay nan yon klinik oubyen yon fon ki bay sèvis avòtman, fò ou asire materyèl ekri yo tradui nan lang ki plis reprezante yo nan kominote w lan, epi met entèpretè disponib pou ede fasafas oubyen sou telefòn.
Si w se yon founisè swen sante, sonje ou pa gen obligasyon pou w kite polis gen kontak avèk pasyan w yo, espesyèlman si se pa èd yo vin bay.
Ou toujou dwe:
- Mande si yo gen yon manda
- Fè pasyan yo konnen yo gen dwa gade silans yo oubyen mande pale avèk yon avoka avan yo pale a polis.
- Si lapolis ta ensiste kesyone yon pasyan, pa kite pasyan an poukont li